top of page

Tout zanmi ki monte sou sit laicenmarche, na’p salye’w nan non Jezi. Prezans nou sou entènèt, se pou’n anonse le mond antye sitou ou men’m espesyalman, ke Jezi ap retounen talè konsa.

Kounyè-a nan kadran revèy le mond li make minwi mwen 5, epi gòdèt kolè Bon Dye prèt pou chavire tonbe sou moun kap viv sou la tè. Se poutèt sa, papa BonDye chwazi travayè dènye moman-an, pou pouse ak tout fòs yo gwo rèl mesaj 3 zanj apokalips 14: 6- 12 la, pou pèsonn pa di li pat tande.

Zanmi ou menm kap li mesaj sa-a, mande papa BonDye pou’l ede’w, pou’w kapab kòmanse fè bon envestisman nan bank lavi ki pap janm fini-an, pou’w ka pami tout moun kap fè gwo benefis, sila yo kap sove lè ya va resevwa dènye rekonpans la.

                                                                                                        Jezi pa lwen tounen! 

Byen vini,

MEODH

Sit entènèt ofisyèl

Donation.-

Misyon ak Vizyon Nou   

              Istwa nou               

Nos Services.-

Sèvis nou ofri yo               

Alòs ke nou chita byen fèm sou 28 blòk verite fondamantal Legliz Advantis 7e. jou-a, sit entènèt sa-a se yon mouvman layik ki kwè se devwa tout konbatan pou bay predikasyon retou Jezi-a plis fòs toujou. Se poutèt sa, na’p simaye levanjil tan lafen-an, mesaj 3 zanj yo nan le mond antye, se li ke nou bay premye plas nan epòk pa nou-an, sa vle di Jezi pa twò lwen poul retounen.

Pandan ke na’p reflechi sou pwofesi Mat 24: 14 la ki di: “Fòk yo gen tan mache bay bon nouvèl Peyi kote Bon Dye Wa-a toupatou sou latè, pou tout moun ka tande mesaj la. Se lè sa-a atò lafen an va rive.”

Ebyen sou sit entènèt sa-a, mouvman evanjilik ouvriye dènye lè-a, ap pèmèt ou pran gratis ti cheri mesaj 3 zanj yo epi simaye’l toupatou sou la tè. Na’p ofri’w tou yon sèvis dirèk dirèk sou sit la kote wap ka tande ak wè sou odinatè’w jan travay evanjelizasyon-an ap pwogrese an Ayiti ak anpil lòt kote nan le mond.

bottom of page