top of page

MEODH

Sit entènèt ofisyèl

Ki yès nou ye?

 

Nou se yon gwoup Pastè ak layik konsekan, ki deside ranpli manda evanjelik nou kòm travayè. Daprè parabòl Mat 20: 1- 6 la, la Bib di te gentan genyen 4 gwoup travayè ki te deja ap travay nan jaden rezen Mèt la. Li te gentan anboche premye gwoup la byen bonè depi solèy tap leve, lòt yo li te anboche yo nan twazyèm, sizyèm e nan nevyèm è nan jounen-an.

 

Nan move tan fè nwa sa-a, alòs ke nou rive byen fon nan sa liv apokalips Jan-an te anonse yo, gen yon senkyèm gwoup tou wi ke Jezi rele travayè dènye moman-an, se yo menm ki reponn wi nan travay Mèt la, pou yo simaye toupatou dènye mesaj la pou yo avèti le mond antye anvan li twò ta.

Moun ki konnen di, jounen Jodi-a gen plis pase 7.1 milya moun kap viv sou tè-a. 4.7 milya nan yo fè pati relijyon ki pa aksepte ou byen ki pa menm rekonèt ekzistans Jezi ditou, sa vle di ekip moun sa yo ap mache byen lwen chemen ki bay lavi ki pap janm fini-an. Ti rès ki rete-a anviron 2.3 milya moun konsa di yo se kretyen, sa vle di moun ki kwè nan Jezi. Men malerezman, se sèlman 18 milyon moun ki aksepte mesaj 3 zanj apocalypse 14: 6- 12 la pami tout moun ki nan relijyon Kris la, sa bay yon pousantaj 1.3% moun sèlman. Si nap fè men’m kalkil sa-a pou tout moun ki sou tè-a, sa fè an total 0.25 %.

 

Se poutèt sa, nan Lik 10: 2 Jezi deklare, Rekòt la anpil, men pa gen ase travayè pou ranmase li. Mande mèt jaden an pou’l voye plis travayè nan jaden’l lan.Se sa’k fè, le Sen Espri ap mache chache moun toupatou sou la tè pou anboche travayè nan jaden Mèt la, e si yo aksepte travay, lè yo fini yap resevwa kòm kourònn yon kò ki pap janm pouri ke Jezi pwomèt sila yo ki pral kòmande avèk li nan gouvèlman’l lan. Nap envite tout moun pou vinn patisipe avèk nou nan gwo konbit rasanbleman sa-a.

bottom of page